Sòm Yo

Chapter 133

1 Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!

2 Se tankou lwil presye ki koule sou tèt, vin desann jis sou bab, menm bab Aaron, vin desann rive sou kote vètman li.

3 Se tankou lawouze Mòn Hermon ki vin desann sou mòn Sion nan; paske la, SENYÈ a te kòmande benediksyon an—— lavi jis pou tout tan.